Kont Enpo Biznis

Ou ka peye enpo, gade dosye, resevwa mesaj epi fè plis bagay avèk Kont Enpo Biznis la.

Anvan ou kòmanse

Tcheke sa ou ka fè selon biznis la ak wòl ou ladan l:

Ou ka enskri pou yon kont kòm yon pwopriyetè sèl si ou gen yon nimewo Sekirite Sosyal oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN).

Ou dwe genyen tou yon nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN) epi ranpli youn nan fòm sa yo:

Si ou te fòme yon LLC: Kont Enpo Biznis la poko disponib pou konpayi responsablite limite yo (LLC) ki ranpli kòm pwopriyetè sèl ak Barèm C oswa Barèm F (Fòm 1040).

Sa ou ka fè

Jwenn aksè a tout enfòmasyon kont ou a:

Kont Enpo Biznis la disponib pou patenarya biznis ki ranpli Fòm 1065, Deklarasyon Revni Patenarya Etazini (an anglè).

Patnè endividyèl (aksè limite)

Ou ka enskri pou jwenn aksè nan kont la si ou gen nimewo Sekirite Sosyal oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) epi ou resevwa Barèm K-1 (Fòm 1065), Pòsyon Revni Patnè a, Dediksyon, Kredi, elatriye (an anglè) PDF.

Sa ou ka fè

Aksè detay pou ane fiskal kote ou gen yon Barèm K-1 nan dosye (2012-2023 disponib):

  • Pwofil biznis – Gade enfòmasyon biznis limite ki nan dosye a
  • Balans kont lan – Gade montan total ki dwe a ak detay pa ane
  • Peman - Fè peman balans ki dwe yo, gade istwa a
  • Dosye enpo - Gade transkripsyon enpo yo (an anglè)

Ofisyèl Deziyen

Yon wòl Ofisyèl Deziyen pou patenarya yo pral vini byento.

Kont Enpo Biznis la disponib pou antite ki ranpli Fòm 1120-S, Deklarasyon Enpo sou Revni Etazini pou yon Sosyete S (an anglè).

Aksyonè yo ak Ofisyèl Deziyen yo ka enskri pou jwenn aksè.


Aksyonè endividyèl (aksè limite)

Ou ka enskri pou jwenn aksè nan kont la si ou gen nimewo Sekirite Sosyal oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) epi ou resevwa Barèm K-1 (Fòm 1065), Pòsyon Revni Aksyonè a, Dediksyon, Kredi, elatriye (an anglè) PDF.

Sa ou ka fè

Aksè detay pou ane fiskal kote ou gen yon Barèm K-1 nan dosye (2006-2023 disponib):

  • Pwofil biznis – Gade enfòmasyon biznis limite ki nan dosye a
  • Balans kont lan – Gade montan total ki dwe a ak detay pa ane
  • Peman - Fè peman balans ki dwe yo, gade istwa a
  • Dosye enpo - Gade transkripsyon enpo yo (an anglè)

Ofisyèl Deziyen (aksè konplè)

Yon Ofisyèl Deziyen ka enskri pou jwenn aksè konplè nan kont sosyete S la.

Ofisyèl Deziyen dwe ranpli tout kondisyon sa yo :

  • Yon ofisye (prezidan, vis prezidan, CEO, CFO, COO, sekretè, trezorye) oswa manm jesyon biznis oswa òganizasyon an
  • Yon anplwaye aktyèl ki te resevwa yon W-2 pou dènye ane ki te ranpli enpo la
  • Otorize legalman mare biznis la oswa antite a

Sa ou ka fè

Jwenn aksè a tout enfòmasyon ki nan kont lan:

Kont Enpo Biznis disponib pou antite yo ki ranpli Fòm 1120, Deklarasyon Enpo sou Revni Sosyete Etazini (an anglè).


Ofisyèl Deziyen

Yon Ofisyèl Deziyen ka enskri pou jwenn aksè konplè nan kont sosyete C a.

Ou dwe ranpli tout kondisyon sa yo:

  • Yon ofisye (prezidan, vis prezidan, CEO, CFO, COO, sekretè, trezorye) oswa manm jesyon biznis oswa òganizasyon an
  • Yon anplwaye aktyèl ki te resevwa yon W-2 pou dènye ane ki te ranpli enpo la
  • Otorize legalman mare biznis la oswa antite a

Sa ou ka fè

Jwenn aksè a tout enfòmasyon ki nan kont lan:

Yon kont disponib pou yon sèl manm LLC ki ranpli swa:

Kont Enpo Biznis poko disponib pou LLC yo ki ranpli kòm pwopriyetè sèl ak Barèm C oswa Barèm F (Fòm 1040).

Aksyonè yo ak patnè endividyèl yo ka enskri pou aksè limite.


Aksyonè endividyèl (aksè limite)

Ou ka enskri pou jwenn aksè nan kont la si ou gen yon nimewo Sekirite Sosyal oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) epi ou resevwa Barèm K-1 (Fòm 1120-S), Pòsyon Revni Aksyonè a, Dediksyon, Kredi, elatriye (an anglè) PDF.

Sa ou ka fè

Aksè detay pou ane fiskal kote ou gen yon Barèm K-1 nan dosye (2006-2023 disponib):

  • Pwofil biznis – Gade enfòmasyon biznis limite ki nan dosye a
  • Balans kont lan – Gade montan total ki dwe a ak detay pa ane
  • Peman - Fè peman balans ki dwe yo, gade istwa a
  • Dosye enpo - Gade transkripsyon enpo yo (an anglè)

Patnè endividyèl (aksè limite)

Ou ka enskri pou jwenn aksè nan kont la si ou gen nimewo Sekirite Sosyal oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN) epi ou resevwa Barèm K-1 (Fòm 1065), Pòsyon Revni Aksyonè a, Dediksyon, Kredi, elatriye (an anglè) PDF.

Sa ou ka fè

Aksè detay pou ane fiskal kote ou gen yon Barèm K-1 nan dosye (2012-2023 disponib):

  • Pwofil biznis – Gade enfòmasyon biznis limite ki nan dosye a
  • Balans kont lan – Gade montan total ki dwe a ak detay pa ane
  • Peman - Fè peman balans ki dwe yo, gade istwa a
  • Dosye enpo - Gade transkripsyon enpo yo (an anglè)

Ofisyèl Deziyen (aksè konplè)

Yon wòl Ofisyèl Deziyen pral vini byento.

Aksè kont pou antite gouvènman yo pral disponib byento.


Ofisyèl Deziyen (aksè konplè)

Yon wòl Ofisyèl Deziyen pral vini byento.

Aksè a kont pou òganizasyon ki egzante enpo yo pral disponib byento.


Ofisyèl Deziyen (aksè konplè)

Yon wòl Ofisyèl Deziyen pral vini byento.

Konekte sou Kont Enpo Biznis la

Kreye yon kont oswa konekte (an anglè)

Sijè èd

Si w asosye ak plizyè antite, ou ka jwenn aksè nan tout antite sa yo nan Kont Enpo Biznis la. Chwazi nan lis la lè w konekte.

Ou dwe sèvi avèk menm koneksyon an pou Kont Enpo Biznis ou ak Kont Endividyèl Anliy ou.

Sèvi ak Kont Enpo Biznis la si w ap ranpli deklarasyon enpo biznis. Pa egzanp: Fòm 941 pou enpo sou travay oswa Fòm 2290 pou enpo sou itilizasyon otowout.

Sèvi ak yon Kont Endividyèl Sou Entènèt si w ap ranpli deklarasyon enpo pèsonèl ak nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl ou (ITIN). Pa egzanp: Fòm 1040 pou enpo sou revni endividyèl.

Reprezantan sèvis kliyan IRS yo pa ka jwenn aksè nan Kont Enpo Biznis ou a, men yo ka ede w ak kesyon sou enpo ak peman yo. Jwenn telefòn ak asistans lokal.

Paske Kont Enpo Biznis la bay aksè a enfòmasyon enpo federal ki dwe pwoteje kont divilgasyon san otorizasyon dapre IRC 6103, nou asire sèlman moun ki otorize ka jwenn aksè nan kont biznis yo.

  • Otantifikasyon: Pou jwenn aksè, itilizatè yo dwe premye verifye idantite yo lè yo kreye yon pwofil epi konekte atravè yon founisè otantifikasyon idantite yon twazyèm pati.
  • Otorizasyon: Yon fwa ke yon itilizatè te otantifye, IRS dwe etabli relasyon itilizatè a ak antite a epi detèmine ki, si genyen, enfòmasyon yo gen otorizasyon pou jwenn aksè.

Si w ap sèvi ak teknoloji asistans yo, jwenn èd avèk gid Aksè pou Kont Enpo Biznis la.

Ki gen rapò