Si ou te resevwa yon avi IRS pou verifye idantite w ak deklarasyon enpo w, sèvi ak sèvis sa a.
Sèlman sèvi ak sèvis sa a si nou te voye yon avi seri CP5071 (an anglè) oswa yon lèt 5447C (an anglè) ba ou.
Anvan w kòmanse
Genyen avi IRS ou nan men w.
Si w te ranpli yon deklarasyon: Kenbe Fòm 1040 orijinal ou a oswa Fòm modifye ou a pare pou ane ki endike sou lèt la. Si ou pa genyen l, tcheke lojisyèl enpow la oswa moun ki prepare enpo w la.
Si w pa t ranpli yon deklarasyon: Sèvi ak sèvis sa a pou fè nou konnen. Yon moun gendwa te eseye ranpli yon deklarasyon ak enfòmasyon w yo.
Si w poko gen laj 18 an: Kontakte nou.
Konekte pou verifye idantite w ak deklarasyon enpo w
Konekte oswa kreye yon kont, epi reponn kèk kesyon pou verifye deklarasyon w.
Si w kreye yon kont, ou ka bezwen konekte ankò pou konplete verifikasyon deklarasyon w lan.
Konekte oswa kreye yon kont (an anglè)
Sijè èd
Jwenn èd pou konekte oswa kreye yon kont IRS avèk ID.me (an anglè).
Swiv enstriksyon yo pou avi seri CP5071 ou a (an anglè) oswa lèt 5447C ou a (an anglè).
Pou anpeche yon moun ranpli yon deklarasyon ak Nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl ou (ITIN), jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (IP).
Si ou verifye deklarasyon w lan, ou pa bezwen ranpli Fòm 14039, Afidavit pou Vòl Idantite, sof si nou mande w pou ranpli fòm sa.
Tann 2 a 3 semèn apre ou fin itilize sèvis sa a pou tcheke ranbousman w nan. Li ka pran jiska 9 semèn pou trete deklarasyon w nan apre ou fin verifye li.
Si w ap itilize teknoloji asistans, jwenn èd avèk Gid Aksè Sèvis Verifikasyon Deklarasyon an (an anglè).